Enfòmasyon sou sit sa a

Ki ekonomi pou yon lòt Ayiti ? Se kèsyon sa a n ap poze tèt nou. Pou n jwenn bon repons, fò n met bèt sou nou, epi fò n brase lide ansanm ak tout moun k ap panse pou peyi a. Se misyon sa a nou bay tèt nou.

Ki moun ki deye l ?

Se Emilio Travieso ki fè sit sa a, ak konkou anpil lòt moun.

Li te jwenn yon bous nan men Bibliothèque numérique des Caraïbes ak Fondasyon Andrew W. Mellon, pou ankouraje l nan travay sa a pandan peryòd jen 2023 – jen 2024.

Sa k fè yo fè l an kreyòl ?

Se yon chwa nou fè, pou plizye rezon.

Èske m gen dwa itilize l nan travay pa m ?

Ou mèt pataje kontni ki nan sit sa a depi ou respekte tout prensip Lisans Creative Commons CC BY-NC-SA.

An n kole zepòl !

Pa ezite antre an kontak.