CAYEMITTE Jean Marie

Jean Marie Cayemitte
Nou jwenn foto a sou pwofil Facebook li.

Jean-Marie Cayemitte se yon ekonomis ayisyen. Li se moun Jeremi.

Daprè paj LinkedIn li, li fè lisans li (Ekonomi ak Matematik) nan inivèsite leta Ayiti a, metriz li (Devlopman Ekonomik ak Anviwònman, epi Matematik) nan Université des Antilles, ak doktora li (Syans Ekonomik) nan Université Paris 2.

Li se pwofesè nan UEH la.

An 2023, li te vin prezidan Rotary Club Petyonvil Sid la.

Bibliyografi Jean Marie Cayemitte

CAYEMITTE Jean Marie (2007) Estimating Quarterly Real Output for CARICOM Countries Using the Lisman-Sandee Temporal Disaggregation Method. Se yon travay li te prezante nan yon seminè rechèch ki te fèt nan Bank Santral peyi Babad. Disponib nan achiv Bank Santral Babad la.

CAYEMITTE Jean Marie (2009) « La Trimestrialisation du PIB réel d’Haïti pour les Méthodes de Chow-Lin, Fernandez et Litterman » Cahiers de Recherche de la Banque de la République d’Haïti (2): 64-82. Disponib sou sit BRH la.

Gen yon lòt vèsyon tou : CAYEMITTE Jean Marie (2010) « La Trimestrialisation du PIB réel d’Haïti pour les Méthodes de Chow-Lin, Fernandez et Litterman » Working Papers ERMES 1003, ERMES, University Paris 2.

CAYEMITTE Jean Marie ak GEORGES Julnor (2010) « L’inflation sous-jacente en Haïti : une approche structurelle de la Modélisation VAR » Cahiers de Recherche de la Banque de la République d’Haïti (2): 48-63. Disponib sou sit BRH la.

BLOT Joël, CAYEMITTE Jean Marie ak GAUMONT Damien (2011) « Why are there no firms without stocks of unsold goods? » ERMES, University Paris 2. Disponib sou ResearchGate.

CAYEMITTE Jean Marie (2014) Accumulation des Biens, Croissance et Monnaie. Tèz doktora nan Syans Ekonomik. Université Panthéon – Assas. Disponib sou theses.fr.

Videyo Jean Marie Cayemitte

Une réflexion sur “CAYEMITTE Jean Marie

Laisser un commentaire