Komès lib

Komès lib (an franse : libre échange) se lè yon peyi pa fè anyen pou limite komès ki travese fwontyè li yo. Sa vle di, li pa egzije taks nan dwàn, ni li pa fè okenn egzijans, nan enpòtasyon ak ekspòtasyon yo. Se kontrè sa yo rele « pwoteksyonis ».

Gen peyi ki etabli yon politik komès lib ak tout peyi. Kon sa tou, gen peyi ki fè komès lib ak yon gwoup peyi (pa egzanp, Inyon Ewopeyen an), pandan yo gen yon lòt politik apa pou peyi ki nan gwoup la.

Yo asosye komès lib la ak Adam Smith, David Ricardo, ak kouran neyoliberal la. An jeneral, Òganizasyon Mondyal Komès la (OMC) konn fè pwomosyon pou komès lib.

Gen anpil deba sou avantaj ak enkonvenyan komès lib la. Istwa a montre nou kon sa, li ka nan avantaj yon peyi lè l fè l ak lòt peyi ki gen menm nivo endistryalizasyon avè l. Men, si l fè komès lib ak yon peyi ki pi avanse pase l nan sans sa a, sa ap kraze endistri li yo, epi l ap fè bak.

4 réflexions sur “Komès lib

Laisser un commentaire