Fòmil pou kreye richès nan yon peyi

Lè w fin li atik sa a, w ap konprann pou ki rezon rannman kwasan, inovasyon ak sinèji se twa engredyan ki nesesè pou kreye richès nan yon peyi.

Entwodiksyon

Nan denyè atik nou an, « Yon prensip ki chita deyè tout richès », nou te di tout richès soti nan yon kloti ki pwoteje (oswa ki kreye) yon avantaj pou mèt li, pa rapò ak konpetitè li yo. Kote gen yon kloti k ap pwoteje yon avantaj, nou kapab di gen konpetisyon ak fòs kote. Depi gen sa, mèt kloti a p ap pa fè lajan.

Men, si nou vle pou tout moun benefisye nan sa, fòk gen lòt kondisyon ki reyini tou. Premyeman, fòk kloti a gen brèch ladan l, ki pemèt lòt moun pèse li si yo fè efò. Lè k gen sa, nou di konpetisyon ak fòs kote a dinamik. Apre sa, fòk kloti a pa chita sou baz vyolans ak manti, kote se pran mèt kloti a ap pran pi gwo moso sèlman, san l pa ajoute anyen nan gato a (dekwa pou lòt moun yo jwenn mwens). Sa vle di, fòk kloti a chita sou faktè ekonomik ki elaji gato a, pou mèt kloti a ka pran bèl moso pandan l kite anpil pou lòt moun yo.

Kounye a, nou pral gade twa engredyan ki ka elaji gato a pandan yo kreye yon kloti, nan sans sa a. Twa faktè yo se rannman kwasan, inovasyon, ak sinèji. Pou n di l yon lòt jan : izin kote k gen teknoloji epi ki gen yon lyen ak lòt sektè pwodiktif nan peyi a.

Se fòmil sa a tout peyi rich te itilize pou kreye richès yo, epi se menm fòmil sa a yo toujou itilize pou kenbe avantaj yo. Se pou tèt sa, lè w chache definisyon « yon peyi devlope » sou Google, premye sa l ap di w se ke « yon peyi devlope se yon peyi ki endistryalize ». An n eseye konprann sa pi byen.

Rannman dekwasan, rannman kwasan, ak rannman stab

Tout aktivite pwodiktif yo pa menm. Fò n fè yon diferans ant kalite rannman yo bay lè w pwodui nan yon gwo echèl. Lè yo klase aktivite pwodiktif yo daprè diferans sa a, yo di gen aktivite ki bay rannman dekwasan, gen sa k bay rannman kwasan, epi sa k bay rannman stab. Sa nou bezwen pou kreye richès nan yon peyi se aktivite rannman kwasan yo. Men, pou n ka konprann sa sa vle di, an n tou gade rannman dekwasan ak rannman stab tou.

Rannman dekwasan

Gen aktivite pwodiktif kote youn nan faktè pwodiksyon yo gen yon limit, se lanati ki fikse l. Pa egzanp, yon bout tè kote w ap fè jaden, oubyen yon lo yon resous natirèl w ap eksplwate. Nan aktivite sa yo, lè w kòmanse pwodui anpil, w ap rive nan yon moman, yo p ap ka b ay bon rannman ankò. Yo rele sa rannman dekwasan (an franse : rendements décroissants).

Kote nou plis jwenn rannman dekwasan se nan sektè agrikilti, ak nan sektè min. Pa egzanp, an nou di m gen kèk kawo tè, kote gen yon pati ki fètil (nan yon platon, bò yon dlo), epi gen yon lòt pati ki mwens fètil (nan yon mòn, kote k gen wòch). Si m vle fè yon jaden bannann nan tè sa a, m ap kòmanse plante nan moso tè ki pi fètil la (nan platon an). Kounye a, si bannann vin ra nan peyi a, epi pri li monte, sa ka ankouraje m pou m plante plis bannann. Men, lè m fin plante nan pati ki fètil la, sèl kote m ka plante plis se nan pati mòn nan, ki mwens fètil. Si m ap plante nan mòn nan, m ap oblije depanse plis eneji (mete angre, charye dlo) pou m jwenn menm rezilta a, oubyen yon rezilta ki pi piti.

Egal, si m vle pwodui bannann nan yon gwo echèl, to ou ta m ap franchi yon limit kote m ap kòmanse jwenn mwens rannman pou chak kawo tè. Se pou tèt sa agrikilti pa ka kreye richès ekonomik pou yon peyi : po ko janm gen yon peyi nan istwa mond lan ki vin rich nan ekspòte danre agrikòl, epi peyi ki espesyalize yo nan agrikilti gen tandans pou yo pòv.

Atansyon ! Sa pa vle di agrikilti a pa enpòtan. Li p ap mete lajan nan pòch se vre ; men, se li k mete manje nan asyèt. Se pou tèt sa, gwo peyi yo konn sibvansyone sektè agrikòl la, menm si l fè yo fè pèt nan nivo ekonomik. N ap pale plis sou agrikilti pi devan.

Rannman kwasan

Apre sa, gen yon lòt kalite aktivite pwodiktif, kote w ka jwenn matyè premyè yo nenpòt kote, epi w ka fè yon machin (oswa yon pwosesis chimik) fè travay la pou w. W ap jwenn kalite aktivite sa yo sitou nan izin, kote yo mekanize pwodiksyon an. Nan aktivite sa yo, w ap jwenn sa yo rele ekonomi echèl (an franse : économie d’échelle), ki se yon lòt jan pou di rannman kwasan (an franse : rendements croissants). Kote nou plis jwenn sa se nan endistri, nan sans izin kote yo mekanize pwodiksyon an.

Pa egzanp, an n di w vle mete yon izin chajè pou selilè sou pye. Matye premye ou bezwen pou chak grenn chajè pa anyen (an n di sa koute 50 goud), men, fò w kontwole kou fiks yo tou. Paske, pou w fè yon izin chajè, fò w gen yon lokal, fò w achte kèk machin, fò w balanse delkò, fò w peye anplwaye yo, e latriye. An n di sa koute 5 milyon goud pou ane a (se yon egzanp). Epi an n di izin nan gen kapasite pou pwodui yon milyon chajè chak ane. Kit ou pwodui mil chajè, kit ou pwodui yon milyon, kou fiks sa yo rete menm jan. Sa k rive, si w pwodui di mil chajè, w ap oblije divize kou fiks yo pa di mil, pou w kouvri depans sa yo. Si w pwodui yon milyon, w ap divize kou fiks yo pa yon milyon. Lè w divize pa yon milyon, kou fiks yo ap pi piti lontan ke lè w divize l pa di mil, pa rapò ak sa yo reprezante nan kou pwodiksyon chak grenn chajè. Se jis yon egzanp pou montre ki jan, tout tan w pwodui plis, kou pwodiksyon an bese (egal, aktivite a bay pi bon rannman pou chak inite w ap pwodui). Se nan sans sa a yo pale de rannman kwasan.

 Lè m fè 10,000 chajèLè m fè 1,000,000 chajè
Kou matye premyè50 goud x 10,000 =500,000 goud50 goud x 1,000,000 = 50,000,000 goud
Kou fiks izin lan yo5,000,000 goud5,000,000 goud
Kou total5,500,000 goud56,000,000 goud
Kou pa chajè5,500,000 / 10,000 = 550 goud56,000,000 / 1,000,000 = 56 goud
Note byen : Chif yo se jis yon egzanp pou montre lojik la.

Lè kou pwodiksyon an bese, ou ka vann pi bon mache san w pa fè pèt. Lè w vann pi bon mache, w ap jwenn plis kliyan ki achte nan men w. Etan done gen yon kantite fiks kliyan ki egziste nan mache a, sa ap fè konpetitè w yo ap mal pou yo rive nan ekonomi echèl menm jan avè w, menm si yo gen lajan ase pou yo fè yon izin parèy ak pa w la, paske pi fò kliyan nan mache a gen tan nan men w. Kantite kliyan konpetitè yo ka jwenn ap two piti pou yo resi pwodui nan menm kou prodiksyon avè w, ki fè yo p ap ka vann nan menm pri avè w (ale wè pou yo ta vann pi ba pri). Se kon sa, aktivite rannman kwasan yo ba w yon « kloti » (ki pemèt ou fè lajan, nan sans konpetisyon ak fòs kote) pandan w ap fè pèp la jwenn pwodui a piyay (w ap kreye valè).

Si konpetitè yo vle pèse kloti a, fòk yo ta fè yon jan fè sa pi byen pase w (pa egzanp, ak yon izin ki gen menm ekonomi echèl, men, ki soti yon pwodui pi bon kalite, pou fè kliyan yo chanje founisè), oubyen chache plis kliyan yon lòt kote. Sa pa fasil, paske li mande envestisman ak konesans ; men, li pa enposib tou. Nan sans sa a, konpetisyon ak fòs kote a rete dinamik.

Lè yon antreprenè chwazi mete yon aktivite rannman kwasan sou pye, l ap bay moun travay. Nan sans sa a, li ede peyi a plis pase yon moun ki annik achte pou revann. Etan done mèt izin lan ap fè lajan tou, l ap gen posibilite pou peye travayè yo yon salè ki rezonab. Nòmalman, se travayè yo ki pou ba l yon ti presyon, pou sa rive fèt, men, omwen gen posibilite sa a. Yo p ap jwenn menm posibilite sa a nan sektè rannman dekwasan, paske p ap janm gen lajan ase. Sòf si gen yon sektè rannman kwasan menm kote, ki pemèt lajan li pwodui a sikile ase pou tout moun jwenn.

Depi gen aktivite rannman kwasan, pa gen pwoblèm pou anpil moun rete menm kote. Nan peyi ki espesyalize nan rannman dekwasan, anpil moun oblije al chache lavi lòt kote. Kote yo konn bezwen ale a, se kote k gen rannman kwasan (paske se la k gen travay epi se la k gen lajan).

Rannman stab

Apre sa tou, gen yon twazyèm kalite aktivite pwodiktif, kote yo toujou bay menm rannman, pou kelkeswa echèl. Sa yon moun ka fè nan 1 è d tan pa chanje, menm si w mete 1,000 moun ap travay, youn a kote lòt. Kon sa tou, sa yon moun fè nan premye è d tan l ap travay la, se menm sa l ap ka fè nan dènyè è d tan l ap travay nan jounen an (sòf si nou ta konsidere fatig la). Yo rele aktivite sa yo aktivite ki bay rannman stab (an franse : rendements constants).

Se sitou aktivite ki depann de fòs kouraj yon moun (egal, kote faktè ekonomik ki pi enpòtan an se men d èv la). Pa egzanp : sektè sèvis (restoran, kwafè, menajè) ak travay manyèl (zòn franch).

Nan aktivite sa yo, sa moun lan ka touche pou travay li pral depann mache travay nan zòn kote li ye a. Si l nan yon zòn kote anpil moun ap travay nan aktivite rannman kwasan, l ap ka mande yon salè ekivalan ak sa l ta touche si l t ap travay nan izin tou. Premyeman, paske kliyan li yo ap gen lajan ase pou peye, epi tou, paske si yo pa dakò peye, yo konnen li ka kite travay sèvis sa a, pou l al jwenn yon djòb nan izin. Men, si l ap viv nan yon zòn kote majorite moun ap travay nan aktivite rannman dekwasan (tankou jaden), li pa ka mande yon salè ki pi elve pase sa. Youn, kliyan yo razè, epi de, yo konnen moun lan ap pran sa yo ba l, paske li pa gen lòt chwa.

Se sa k esplike pou ki sa yon kwafè Etazini touche pi gwo lajan pase yon kwafè ann Ayiti, menm lè se menm kwafè a ki ale lòt bò a, ak tout tandèz li (egal, se pa pwodiktivite moun lan ki te chanje ; sèl sa k chanje se mache travay ki antoure l la). Se sa tou ki esplike pou ki sa yo renmen mete zòn franch nan peyi tankou Ayiti. Nan zòn franch yo, travay la pa vrèman mekanize pase sa (gen machin a koud ; men, se plis yon travay manyèl), ki fè se men d èv la ki pi gwo faktè nan kou pwodiksyon an. Etan done Ayiti manke aktivite rannman kwasan, men d èv la bon mache.

 Rannman dekwasanRannman kwasanRannman stab
Sa l vle diTout tan w pwodui plis, rannman an bese. Paske youn nan faktè pwodiksyon ki enpòtan yo gen yon limit. Egzanp : ou kòmanse plante nan platon an, bò dlo a ; si w ap plante plis, ou oblije plante nan mòn nan.Tout tan w pwodui plis, ou jwenn pi bon rannman. Paske faktè pwodiksyon ki pi enpòtan an se kou fiks. Lè w pwodui nan yon gwo echèl, w ap divize kou fiks sa yo pa yon pi gwo kantite, jis lè l vin minim.Rannman an rete menm, pou kelkeswa echèl
Kote nou konn jwenn liAgrikilti ak ekstraksyon resous natirèlIzin kote yo mekanize travay la ak kèk sèvis avanse  Sektè sèvis ak travay manyèl
Salè yoPitiNòmalSa depann mache travay ki antoure yo a

Inovasyon

Inovasyon (an franse : innovation) se lè w vini ak yon bagay tou nèf ki kreye valè (nan kelkeswa aspè : kalite, pri, efikasite, oswa yon nouvo solisyon pou yon pwoblèm ki te la).

Li mèt se yon bagay ou te envante, oswa yon bagay ou te jwenn yon kote. Depi li nouvo pou kontèks kote w ye a, l ap ba w yon avantaj (egal, li reprezante yon kloti), paske lòt konpetitè yo po ko genyen l.

Jozef Schumpeter, ki te youn nan pi gwo ekonomis nan ventyèm syèk la, te bay inovasyon anpil enpòtans lè l ap esplike devlopman ekonomik yon peyi, sitou lè inovasyon an mache ansanm ak rannman kwasan. Paske si mèt izin lan pa inove, to ou ta ap gen konpetitè k ap ratrape li (y ap mete izin pa yo sou pye). Pou l kenbe avantaj li jwenn atravè rannman kwasan an, fò k li bat pou li toujou amelyore sa l ap fè a. Kote k gen rannman kwasan ansanm ak inovasyon, Schumpeter rele sa rannman kwasan istorik (an franse : rendements croissants historiques).

Konpetitè yo ap bat pou aprann sekre inovasyon an tou. Nan sans sa a, gen yon bagay yo rele breve (an franse : brevet ; ann angle : patent). Se yon pwoteksyon legal (egal, yon kloti) pou dwa entelektyèl envansyon yo. Yo fè sa pou ankouraje antreprenè yo fè efò pou yo inove. Men, breve yo konn gen dat ekspirasyon : se kon sa yo asire konpetisyon ak fòs kote a ap rete dinamik.

Sinèji

Sinèji (an franse : synergie) se lè w gen plizyè aktivite yon sèl kote, epi youn ap ranfòse lòt.

Pa egzanp, gen sa yo rele mekatwonik, kote yo melanje mekanik, enfòmatik, ak elektwonik, pou fè yon seri pwodui ki pi sofistike pase sa chak sektè sa yo te ka fè pou kont yo. Pa sèlman pwodui yo pi enteresan, men, depi sektè mekatwonik la ap travay, l ap fè anpil lòt sektè travay. Nan sans sa a, y ap kreye valè atravè sinèji a.

Sinèji a kreye yon bèl avantaj tou (egal, yon kloti). Paske pou konpetitè yo ratrape yon peyi ki gen tout sektè sa yo k ap travay ansanm, fòk li ta gen kapasite pou mete sistèm konple sa a (ak tout endistri diferan ki konsene yo) sou pye.

Lè k gen sinèji, li pi bon pou travayè yo tou. Paske y ap jwenn plis kote pou yo travay (olye se yon sèl izin ki patwon tout moun, gen plizye izin ki bezwen menm moun yo). Nan sans sa a, salè yo ap pi wo nan izin yo (paske travayè yo gen yon avantaj lè y ap negosye ak patwon yo). Epi moun ki nan sektè sèvis yo (rannman stab), ni moun ki nan sektè agrikilti a (rannman dekwasan), ap jwenn kliyan ki ka peye pi byen pou sa yo ofri yo a.

Pou n rezime : Aktivite pwodiktif ki genyen rannman kwasan, inovasyon, ak sinèji ladan yo bay mèt yo lajan pandan yo kreye valè pou sosyete a. Yo kreye kondisyon pou konpetisyon ak fòs kote ki dinamik, sa ki nesesè pou richès la blayi kò l nan yon peyi.

Nan pwochen chapit la, n ap gade wòl leta ak lòt aktè yo nan transfòmasyon ekonomi a, pou peyi a ka rive genyen twa engredyan sa yo nan sistèm pwodiksyon li a.