Èske Ayiti gen twòp moun ?

Entwodiksyon

Sa k pran kanntè. Sa k pati nan avyon. Sa k janbe fwontyè a. Yo fè nou aprann jeyografi : Miyami, Sen Domeng, Nasò. Chili, Brezil, Giyàn. Tiki. Meksik. Nikaragwa. Nou pa ko konnen ki destinasyon k ap fè hit demen.

Yon sèl bagay nou konnen, ap gen moun k ap pati kanmenm. Yo konn sa y ap riske. Yo konnen yo pral pase mizè avan yo reyisi. Men, se sèl lespwa sa a yo genyen, pa gen lòt. Peyi a pa ofri yo anyen. Okontrè, peyi a mete vi yo an danje.

Pati se yon solisyon, menm pou sa k rete yo : se ti tchotcho transfè yo k ap sove nou. Men, lè w tande tout jenès la ale kite nou kon sa, se yon pwoblèm li ye tou. Se yon pwoblèm pou yo menm, paske yo renmen peyi yo. Epi se yon pwoblèm pou peyi a, paske nou bezwen yo. Sa fè nou reflechi anpil.

Ki sa pou n ta fè, pou jèn yo santi yo ka rete nan peyi a ?

N ap poze tèt nou kesyon : ki sa pou n ta fè, pou jèn yo santi yo ka rete nan peyi a ? Atansyon : sa pa vle di nou kont migrasyon. Yon moun gen dwa chwazi al nan yon lòt peyi. Men, ki jan nou ka fè sa tounen yon chwa pou tout bon ? Pou n di l yon lòt jan, ki jan nou ka kreye kondisyon pou jèn yo santi yo ka viv an diyite, epi reyalize tout rèv yo, san yo pa oblije kite peyi a ?

Repons lan pral depann de ki jan nou konprann pwoblèm lan.

Opsyon 1 : « Peyi a gen twòp moun k ap viv ladan l ».

Gen moun ki di peyi a gen twòp moun, ki fè nou pa ka viv ansanm nan ti bout tè sa a. Pou yo menm, si se dansite demografik la ki lakòz mizè a, eben solisyon an senp : se fè pèp la sispann grennen pitit. Sa mande konsyantizasyon, epi aksè ak sèvis tankou grenn planin.

Daprè jounal Haiti Sun nan 1957, se dansite demografik la ki lakòz mizè a. Nou jwenn li sou dLOC.
Le Nouvelliste te pibliye yon diskou prezidan Bank Mondyal la, Robert McNamara, kote li fè pwomosyon planin kòm solisyon pou peyi pòv yo, nan 1969. Nou jwenn li sou dLOC.

Anpil moun kwe nan sa. Pa egzanp, Nasyon Zini gen yon ajans, UNFPA, pou fè pwomosyon planin ann Ayiti (ak lòt peyi). Gen ONG ann Ayiti tankou Profamil ki fè travay sa tou. Gen yon fondasyon ameriken, No Scalpel Vasectomy International, ki konn vizite Ayiti (ak lòt peyi) tanzantan pou fè operasyon vazektomi gratis pou gason, pou yo pa ka fè pitit menm lè yo pa itilize kapòt. Gen pastè ayisyen ak lòt aktè ki kolabore avèk yo pou fè travay sa a.

An prensip, li toujou enpòtan pou chak moun pran responsabilite yo, ak pou fanmi yo gen plis posibilite pou fè bon chwa. Men, si n ap konsidere politik sa kòm yon solisyon pou pwoblèm mizè a, ki fè anpil jèn oblije kite peyi a, fò n poze kesyon an yon lòt jan. Fòk dyagnostik la fè sans, pou nou ka di preskripsyon ki mache avè l la ap efikas. Donk kesyon pou nou poze a se : Èske se dansite demografik la ki lakòz mizè a tout bon ?

Èske se dansite demografik la ki lakòz mizè a tout bon ?

Sou yon bò, nou ka konstate Ayiti pami peyi ki gen plis moun pa kilomèt kare nan mond lan. Daprè done Bank Mondyal bay pou lane 2024, Ayiti plase nan 33yèm plas sou 234 peyi ak teritwa yo te analize. Li gen 431 moun pa kilomèt kare. Nou ka konpare sa ak mwayèn mondyal la, ki se 60.29 moun pa kilomèt kare, daprè Nasyon Zini.

Men, lè nou gade rès lis Bank Mondyal la, nou wè gen anpil peyi ki gen yon dansite demografik ki pi wo pase Ayiti, san yo pa gen pwoblèm mizè lakay yo. Okontrè, gen nan yo – tankou Peyi Ba yo, Kore di Sid, ak Sengapou – ki ase rich. Dayè, peyi ki nimewo 1 nan dansite demografik nan mond lan, ki se Monako (avèk 18,079 moun pa kilomèt kare, preske 42 fwa plis pase Ayiti), se youn nan peyi ki pi rich nan mond lan tou, avèk yon pwodui entèn brit (PEnB) pa moun de 91,353 ewo (anviwon 98,026 dola US) nan lane 2022 (pa Ayiti a te preske 30 fwa mwens ke sa, 3,306 dola US pa moun). Lè fini, pami peyi ki gen dansite demografik ki pi ba pase mwayèn mondyal la, w ap jwenn anpil peyi pòv, tankou Bolivi ak plizyè peyi afriken. Sa k bèl, gen plizyè ka kote k gen 2 peyi ki gen egzakteman menm dansite demografik, men, se 2 reyalite diferan, tankou Chili ak Soudan (26 moun pa kilomèt kare), Espay ak Senegal (95 moun pa kilomèt kare), Andora ak Gwatemala (171 moun pa kilomèt kare), Liktenstayn ak Ouganda (249 moun pa kilomèt kare), oswa Wayòm Ini ak Gambi (281 moun pa kilomèt kare). Brèf, se pa dansite demografik la ki ka esplike ni mizè ni richès yon peyi.

Opsyon 2 : « Peyi a gen twòp moun pou ekonomi nou genyen an ».

An reyalite, pa gen anpil moun ki di « peyi a gen twòp moun », pwen ba. Yo toujou mete yon ti bemol. Yo di kon sa, peyi a gen twòp moun pou ekonomi nou genyen an.  

Si nou pran detay sa a an konsiderasyon, nou ka di dyagnostik yo fè a fè sans. Akòz jan ekonomi an ye a, pa gen travay ase pou kantite moun ki nan peyi a, ki fè gen mizè, epi anpil moun oblije chache lavi lòt kote. Men, menm dyagnostik sa a te ka mande 2 preskripsyon diferan.

Lè yo kouri pwopoze nou redui kantite moun ki genyen nan peyi a, san yo pa manyen dosye ekonomi an, se yon chwa yo fè. Chwa sa a pa inosan.

Lè yo di gen twòp moun pa rapò ak jan ekonomi an ye a, gen 2 varyab nan ekwasyon an. Gen popilasyon an, epi gen ekonomi an. Lè yo kouri pwopoze nou redui kantite moun ki genyen nan peyi a pou rezoud pwoblèm lan, san yo pa manyen dosye ekonomi an, se yon chwa yo fè. Y ap trete ekonomi an kòm si se te yon bagay fiks, ki pa ka chanje. Y ap mande nou reziyen nou ak jan ekonomi an ye a (oubyen kite sa pou apre), epi pou nou envesti enèji nou nan rediksyon popilasyon an pito.

Chwa sa a pa inosan. Se yon fason y ap mete chay la sou do malere k ap fè pitit, olye nou poze kesyon pou n konnen pou ki sa ekonomi an pa kreye plis djòb pou popilasyon an. Fò n ta mande ki enterè ki kache dèyè diskou sa yo, k ap mande tout moun chanje konpòtman yo pou yo adapte yo ak yon sistèm ki pa menm an favè yo, san yo pa janm mande ki moun k ap benefisye nan sistèm sa a.

An tou ka, menm si kanpay planin sa yo ka rive gen yon enpak sou kèk fanmi, li pa reyalis pou n panse y ap ka redui popilasyon peyi a nan yon nivo pou ta rezoud pwoblèm mizè a. Premyeman, se moun an deyò ki fè plis pitit, tandis ke entèvansyon planin yo plis konn fèt lavil. Epi tou, gen yon rezon ki fè peyizàn ak peyizan konn chwazi fè anpil pitit, ki gen pou wè ak kontribisyon ti moun yo nan ekonomi kay la. Kidonk kanpay planin yo pa toujou mache nan enterè moun ki pou ta enplemante yo nan pwòp kò yo. Apre sa tou, gen yon paradòks yo konstate nan plizyè peyi nan rejyon Karayib la, pa sèlman ann Ayiti. Lè anpil jèn gason ale kite peyi a, sa ogmante kantite ti moun k ap fèt nan peyi a (paske sa k ale yo konn voye transfè, ki pemèt medam yo wè yo ka jere yon pitit). Egal, menm si gen anpil jèn ki ale – oubyen paske nou gen anpil jèn ki ale – popilasyon an fenk kare ap grandi nan ti bout tè sa nou rele Ayiti a. (Antwopològ Timothy Schwartz esplike pwen sa yo nan tèz doktora li : wè sitou paj 136 ak paj 222.)

Opsyon 3 : « Se ekonomi an ki pou chanje, pou moun ka viv nan peyi a ».

Si n repran ekwasyon a 2 varyab la, kote k gen popilasyon an sou yon bò, ak ekonomi an sou yon lòt, nou ka chwazi pwopoze yon lòt solisyon diferan. Olye pou n di gen twòp Ayisyen pou sistèm ki sou plas la, nou ka eseye chanje sistèm makawon sa a pito. Sa vle di, nou ka kreye yon lòt sistèm ekonomik kote tout Ayisyen jwenn plas yo. Se yon abodaj ki pi reyalis, paske li gen yon esplikasyon syantifik ak anpil ka konkre ki kore li nan istwa mond lan, epi li abouti nan yon preskripsyon efikas ki mache ak enterè popilasyon an.

Esplikasyon syantifik

Lè w byen gade dimansyon ekonomik la, tout bagay kòmanse klè. An n pran egzanp peyi ki konn voye migran ale yo, tankou Ayiti. Peyi sa yo gen yon bagay an komen : se peyi ki rele tèt yo « esansyèlman agrikòl », malgre yo pa ka bay tèt yo manje. Epi nan peyi ki konn resevwa migran yo, sektè agrikòl la konn trè minim ; pi fò moun ap travay nan lòt kalite aktivite.

Gen yon rezon pou sa. Se pa tout chapant sistèm pwodiksyon ki gen menm kapasite pou yo absòbe anpil moun. Jan nou pral esplike la, chapant pwodiksyon Ayiti a gen yon kapasite ki ba anpil. Men, si l te chanje sistèm pwodiksyon li pou yon sistèm ki gen yon pi wo kapasite, li te ka pran tout moun ki la yo, alèz.

Sa k bay diferans lan se yon fenomèn ki gen pou wè ak rannman aktivite pwodiktif yo, lè yo fèt nan yon gwo echèl. Gen aktivite tankou agrikilti ak eksplwatasyon resous natirèl, kote tout tan ou pwodui plis, rannman an vin pi piti ; yo rele sa rannman dekwasan. Gen aktivite tankou izin ki mekanize travay la, kote tout tan ou pwodui plis, rannman an ogmante ; yo rele sa rannman kwasan. Finalman, gen aktivite ki plis depann de kouraj yon moun kòm faktè pwodiksyon, tankou travay machin a koud, oubyen ti komès ak lòt travay nan sektè sèvis ; aktivite sa yo bay rannman stab, nan kelkeswa echèl.

Se aktivite rannman kwasan yo (sitou lè yo mache ansanm ak inovasyon ak sinèji) ki ka kreye richès nan yon peyi, epi yo kreye kondisyon pou tout moun pa oblije fè menm kalite travay. Nan sans sa a, lè yon peyi chapante sistèm pwodiksyon li sou baz aktivite ki bay rannman kwasan, l ap ka kenbe yon dansite demografik ki wo, jan ekonomis Erik Reinert raple nou an.[1] Pou n di l yon lòt jan, se peyi ki endistryalize yo ki pa konn gen pwoblèm « twòp moun » ; okontrè, yo bezwen moun pou fè ekonomi an mache.

Men, yon peyi ki manke yon sektè endistryèl ki fò se yon peyi ki pral gen gwo kriz pa rapò ak dansite demografik. Nan aktivite ki bay rannman dekwasan yo, faktè pwodiksyon ki pi enpòtan an gen yon kantite ki fiks. Pa egzanp, se lanati ki etabli konbyen tè ki disponib pou fè jaden nan yon peyi. Lè w plede mete plis moun pou fè jaden nan menm espas sa a, vin gen yon moman kote w ap divize l twòp, epi sa fè rannman an vin twò chich pou kenbe tout moun ki la yo. Oubyen si se yon peyi (tankou Ayiti nan moman sa a) ki fokis sou aktivite rannman stab, san l pa gen yon sektè rannman kwasan akote li, salè yo ap toujou twò ba pou moun ka viv ak diyite.

Depi nou ka konprann sa, nou gen tan wè sa n te ka fè pou rezoud pwoblèm lan. Se mete yon sektè rannman kwasan sou pye, menm jan anpil lòt peyi fè deja. An n gade kèk egzanp konkre kote prensip Reinert dekri a parèt a klè.

Egzanp konkre

Depi nan liv Jenèz nan Bib la, nou jwenn yon egzanp sa n ap pale a. Abram ak Lòt te konn fè elvaj mouton. Elvaj se yon aktivite rannman dekwasan li ye, paske tè pou patiray pou bèt yo, ki se youn nan faktè pwodiksyon ki pi enpòtan nan aktivite sa a, gen yon limit natirèl. Lè yo te vin gen anpil bèt, yo te rive nan limit la : « Peyi a te vin twò piti pou yo … paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje » (Jenèz 13, 6). Te kòmanse gen konfli (Jenèz 13, 7), epi se lè sa, « Abram di Lòt kon sa : Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m yo. Men tout peyi a devan nou ! An n separe. Si ou fè bò dwat, m ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m ap fè bò dwat » (Jenèz 13, 8-9).

Yon lòt bèl egzanp se sa k te rive ann Almay, apre Dezyèm Gè Mondyal la. Lòt peyi yo te vle bay Alman yo yon leson, paske Almay te gen tan pwovoke 2 gè mondyal. Nan 1944, Minis Finans Etazini an, Henry Morgenthau, te fè yon pwopozisyon : meyè fason pou chatre peyi Almay, pou li pa janm ka fè dezòd ankò, se te demantle izin li yo. Yo te kòmanse fè sa vre, apati 1945. Sòf ke, lè sa a yo vin rann yo kont, sa t ap mete 25 milyon Alman nan chomaj, epi yo pa t ka fè yo tout al travay nan jaden, kidonk moun sa yo ta pral antre nan lòt peyi kòm refijye. Men, lòt peyi yo pa t vle wè alman yo, paske yo te fenk goumen avèk yo nan gè a. Sekretè d Eta Etazini an, George Marshall, te fè yon lòt pwopozisyon : pou gen lapè (epi pou bay tout Alman yo posibilite pou yo rete ann Almay), li te nesesè pou yo ede Almay rekonstwi kapasite endistryèl li pito. Nan 1947, yo te gen tan ranplase Plan Morgenthau la ak Plan Marshall la. Jounen jodi a, Almay se youn nan peyi ki pi rich nan mond lan, gras endistri li yo.

Pi resaman, Venezwela se youn nan nasyon ki plis pèdi moun. Kolombi, Brezil, Etazini, Ekwatè, Chili, Sen Domeng… tout peyi sa yo chaje venezwelyen kounye a. Menm Ayiti, w ap jwenn kèk. Poutan, Venezwela se te yon peyi ki te toujou konn resevwa migran. Ki sa k chanje ? Nou ta ka bay plizyè entèpretasyon sou aspè politik yo, men, si n gade dimansyon ekonomik la, gen yon bagay ki klè : depi lane 1990 yo, Venezwela te antre nan yon etap dezendistryalizasyon.

Lè yon nasyon pa gen endistri, to ou ta, tè a vin twò piti pou li. Kon sa tou, lè yon peyi gen endistri, li ka pran plis moun, e li bezwen moun. Anpil peyi konprann jwèt la, epi yo mete prensip la ann aplikasyon. Nan epòk Ewòp t ap endistryalize a, chèf yo te konn fè kanpay pou ankouraje popilasyon an fè plis ti moun.[2] Lè Beliz te fenk pran endepandans li nan lane 1981, lidè yo t ap mande Ayisyen vin jwenn yo, paske yo te bezwen plis moun pou yo te ka endistryalize. Nan moman sa a, se peyi Giyana k ap fè rekritman, paske ekonomi an pre pou li endistryalize.

Lè Beliz te fenk pran endepandans li, yo t ap rekrite migran Ayisyen, paske yo te bezwen plis moun pou yo te ka endistryalize.

Ayiti gen moun ase, men, si nou vle fè yon jan pou tout moun sa yo jwenn plas yo nan sosyete a, preskripsyon k ap pi efikas la se endistryalizasyon. Sa t ap gen anpil lòt efè pozitif. Jèn yo t ap jwenn travay. Lè sa, yo t ap ka mete pitit yo lekòl, epi t ap gen mwens ensekirite. T ap gen plis posibilite pou fè agrikilti a fleri. Lajan transfè yo t ap ret sikile nan peyi a, olye l soti yon fwa ; menm jan tou, peyi a t ap ka brase kòb èd etranje a pou fè l fè benefis, olye l mete nou pi fon nan yon dèt nou pa ka peye. Epi an pasan, koze demografi a t ap tou ekilibre, paske lè tout ti moun al lekòl, epi tout moun ap travay, sa fè moun yo chwazi fè mwens pitit, pou kont yo, jan nou wè nan tout peyi ki endistryalize yo.

Konklizyon

Yon lè, te gen yon Brezilyen ki t ap vante tèt li devan yon moun ki soti nan yon ti peyi nan Amerik santral. Lè Brezilyen an te fin pale de tout gwo endistri ki genyen nan peyi l (yo fè machin, yo fè avyon, yo fè sesi, yo fè sela), li mande lòt la : « E ou menm, ki sa yo pwodui nan peyi w ? » Misye pa wè sa l ka reponn Brezilyen an. Finalman, li di : « Nou fabrike moun. Nou tèlman fò nan sa, nou ekspòte ! »

M pa bezwen site non peyi a ; si se te yon Ayisyen, li te ka reponn menm jan. Se yon blag misye t ap fè, men, sa l di a gen yon verite dèyè l. Si peyi misye plede ap « ekspòte » moun kon sa, se paske yo manke endistri.

Menm si n te redui kantite moun ki gen nan peyi a, sa pa t ap rezoud vre pwoblèm lan. Pito nou panse tankou Edmond Paul, ki chwazi wè popilasyon Ayiti a kòm yon atou. Pou Edmond Paul, si peyi a gen anpil moun, sa vle di kondisyon yo reyini pou n endistryalize, epi se endistryalizasyon an k ap fè peyi a pwogrese.

« …[N]an nenpòt peyi, devlopman endistri manifakti a kenbe menm pwoposyon ak dansite popilasyon li. … Si popilasyon an piti, endistri a ap piti. Pa gen lòt limit pou devlopman endistri a. Sòf si yo aplike lwa Malthus la ki di nou dwe limite popilasyon an, nou kapab di endistri a ap fè nou pwogrese. »

Edmond Paul, Edikasyon endistryèl pèp la, 1862, p. 44-45.[3]

Depi nou klè sou sa, n ap ka kòmanse mobilize volonte politik k ap nesesè pou nou mete yon sektè endistryèl ki djanm sou pye. Li p ap fasil ke sa, men, li p ap enposib nonplis. Paske efò sa ta mande a chita sou yon bon baz syantifik ak istorik, epi li ale nan menm sans ak enterè popilasyon an… sitou, enterè pou yo gen dwa chwazi viv ak diyite nan pwòp peyi yo.

Kesyon pou diskisyon

Nan 2022, daprè RezoNòdwès, sekretè jeneral OEA te di kon sa, gen 2 solisyon posib pou Ayiti : swa peyi a endistryalize, swa yo pran Ayisyen yo, voye yo al viv nan lòt peyi. Anpil moun pa t kontan pwopozisyon an, paske yo te wè l tankou yon mank dega, sitou dezyèm pati a. Men, nou kapab chwazi pran l tankou yon pwovokasyon pou fè nou reflechi. Ki jan ou konprann sa misye di a, pa rapò ak analiz nou fè nan atik sa a ?


Nòt ak referans

[1] Seksyon sa a chita sou analiz Erik Reinert fè nan plizyè piblikasyon. Liv li ekri ki pi enpòtan an rele Comment les pays riches sont devenus riches et pourquoi les pays pauvres restent pauvres (Pari : Éditions du Rocher, 2012). Se li menm ki bay egzanp biblik ak egzanp Almay nou site pi ba yo.

[2] Istoryen ekonomik Charles Emil Stangeland montre sa nan liv li ki rele Pre-Malthusian Doctrines of Population. A Study in the History of Economic Theory. New York: Kelley, 1966 [1904].

[3] Men sitasyon orijinal la : « …le développement de l’industrie manufacturière dans un pays, quel qu’il soit, est directement proportionnel à la densité de sa population. … Si la population est bornée, l’industrie sera bornée. Il n’y a pas d’autres limites au développement de l’industrie. Et à moins que la loi de Malthus ne prévale, c’est-à-dire qu’il faille restreindre la population, l’industrie, on peut le dire, c’est le progrès. » Edmond Paul, L’éducation industrielle du people, ou la protection due aux industries naissantes. Deuxième lettre à M. Montfleury. Paris : impr. de P.-A. Bourdier, 1862, p. 44-45.

2 réflexions sur “Èske Ayiti gen twòp moun ?

Laisser un commentaire